NYCHA anonse ke pwogram EHV a pral fini.
NYCHA di patisipan EHV yo pou yo aplike imedyatman pou yon lòt opsyon lojman, tankou Lojman Sosyal.
Eseye aplike anvan 1ye me 2026 men ou ka aplike apre dat sa a. Pi vit ou aplike, se plis chans ou genyen pou resevwa yon lòt òf lojman.
Yo ka ofri w yon opòtinite lojman sibvansyone apa de Seksyon 9 (lojman sosyal). Yon fwa ou resevwa òf ou a, w ap gen de semèn pou w vizite apatman an epi deside si w vle demenaje.
Si ou pa aplike, ou ap pèdi opòtinite potansyèl ou pou resevwa yon òf pou rete nan lojman sosyal oswa yon lòt inite sibvansyone.