Gen kèk moun ki pral sispann benefis SNAP paske, nan dat 1ye mas 2026, nouvo règ travay te kòmanse pou kèk moun ki resevwa benefis SNAP (koupon manje) ke yo rele Adilt Anfòm San Depandans (ABAWD). Si ou se yon ABAWD, ou pral bezwen satisfè egzijans travay pou kontinye resevwa benefis SNAP pou plis pase 3 mwa nan yon peryòd 3 zan. Peryòd 3 zan aktyèl la fini an septanm 2026, epi pwochen peryòd 3 zan an ap kòmanse apre sa.
Si ou se yon ABAWD, epi ou pa satisfè egzijans travay yo, yo ka fèmen dosye SNAP ou a.