Ou ka chwazi si ou vle ale nan entèvyou a oswa non. Men gade anba a pou wè konsekans posib chak chwa.
Ou gen dwa tou pou mande yon lòt dat reyinyon pou ou ka jwenn konsèy legal oswa reprezantasyon. Ou ka fè sa lè w rele anvan reyinyon ou pwograme a oswa lè w fè yon demann vèbal an pèsòn nan moman reyinyon w lan ak envestigatè a.
Lèt la ka di w pou w rele anvan yon sèten dat pou w pran yon randevou pou yon entèvyou pa telefòn. Ou ka rele envestigatè a anvan dat sa a pou w di l ou bezwen plis tan pou w chèche konsèy legal.