Yo dwe peye w pou chak èdtan ou travay, menm si travay sa a fèt anvan oswa apre lè travay ou te pwograme a. Si ou travay plis pase 40 èdtan nan yon semèn, anplwayè w la dwe peye w omwen 1.5 fwa to peman regilye w la pou èdtan ou travay plis pase 40.
Apati 1/1/26, salè minimòm nan Vil Nouyòk se $17.00/èdtan pou travayè restoran rapid yo epi $17.00/èdtan pou tout lòt anplwaye yo. Gwosè anplwayè a pa afekte to salè minimòm nan Vil Nouyòk ankò. Si ou resevwa ti konsèy, ou ka resevwa mwens pase montan sa a nan salè dirèk si anplwayè ou a gen dwa pran yon kredi pou ti konsèy epi ti konsèy ou yo pote salè èdtan ou omwen nan salè minimòm ki aplikab la.