Zheng kont Vil New York
Sosyete Èd Legal la te depoze pwosè aksyon kolektif sa a sou non plis pase 16,000 ansyen moun New York ki te sanzabri epi ki t ap viv nan apatman ki te sibvansyone pa pwogram sibvansyon lokasyon Advantage la. Anba pwogram Advantage la, Vil la te asosye avèk pwopriyetè prive pou mete fanmi ak moun ki sanzabri nan apatman sibvansyone pou yon minimòm de yon ane. Men, an mas 2011, Vil la te vyole akò li te genyen ak pwopriyetè Advantage yo san li pa fè anyen epi li te sispann fè peman lokasyon chak mwa sou apatman ke plizyè milye moun New York te okipe apre yo te retire finansman Leta pou pwogram nan. Nan pwosè nou an, nou te diskite ke Vil la te oblije pa kontra pou kontinye peye pòsyon lwaye lokatè Advantage yo pandan peryòd lokasyon yo.
Nan mwa septanm 2011, yon jij nan tribinal premye enstans lan te deside ke Vil la pa t manifeste yon entansyon pou l oblije bay benefis Advantage yo. Malgre ke Divizyon Apèl la te egzije pou Vil la fè peman Advantage yo annatandan apèl nou an, li te konfime konklizyon tribinal premye enstans lan nan mwa fevriye 2012. Tribinal Apèl la te konfime desizyon an nan mwa jen 2012.